Kreyol   Français SHOP FJMV

Éphémérides

  Jeudi 28 aôut 2009

Il y a 15 ans, le 28 août 1994 vers 8 heures du soir, le père Jean-Marie Vincent a été assassiné par les sbires de la dictature militaire de l'ancien général Cédras. Il avait 49 ans.

  Lundi 3 Aôut 2009

11ème annversaire de l'assassinat du père Jean Pierre Louis

Ti jan

Conférence de presse de Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen

Konferans de près nan okazyon 22 zyèm anivèsè masak ti peyizan Jan Rabèl ak Bochan yo, ki gen pou tèm:
Ann goumen pou refè peyi Dayiti, nan relanse agrikilti ti peyizan yo, nan rebati anviwonman an, atravè yon pwogram refòm agrè entegre.
Courtoisie Fondation Jean-Marie Vincent

23 Jiye 1987-23 jiyè 2009 sa fè 22 lane depi grandon, chèf seksyon , lame Dayiti, choukèt lawouze ak yon sektè nan legliz la te mete tèt ansanm pou yo reyalize yon gwo masak sou ti peyizan gwoupman tèt ansanm Jan Rabèl ak Bochan yo, yon jou ti peyizan Tèt kole pap janm bliye.

Texte ci-contre

  Jeudi 23 juillet 2009

22ème anniversaire
du massaccre des petits paysans
de Jean-Rabel

Conférence de presse de Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen

Konferans de près nan okazyon 22 zyèm anivèsè masak ti peyizan Jan Rabèl ak Bochan yo, ki gen pou tèm:
Ann goumen pou refè peyi Dayiti, nan relanse agrikilti ti peyizan yo, nan rebati anviwonman an, atravè yon pwogram refòm agrè entegre.
Courtoisie Fondation Jean-Marie Vincent

23 Jiye 1987-23 jiyè 2009 sa fè 22 lane depi grandon, chèf seksyon , lame Dayiti, choukèt lawouze ak yon sektè nan legliz la te mete tèt ansanm pou yo reyalize yon gwo masak sou ti peyizan gwoupman tèt ansanm Jan Rabèl ak Bochan yo, yon jou ti peyizan Tèt kole pap janm bliye.

Texte ci-contre

Infomasyons - kominikasyon

ARCHIVES _ INFOS AOÛT 2009

Informations - Communications

Lundi 3 août 2009
11ème annversaire de l'assassinat du père Jean Pierre Louis

Ayiti : 11 lane aprè lanmò Pè Jean Pierre-Louis,
POHDH pa bliye

Kominike POHDH

3 dawou 1998, 3 dawou 2009, sa fè 11 lane depi bandi ak zam antre lakou Sedep [1], nan Potoprens, epi touye Pè Ti Jan Pierre-Louis anba plizè bal. Krim malonèt sa a, fèt gran la jounen, nan bab tout otorite yo nan pouvwa a.
11 lane aprè, lajistis nan peyi Dayiti pa janm fè limyè sou krim sa a. Menm jan an tou, lajistis pa janm fè limyè sou yon bann ak pakèt lòt krim ki kite sosyete a ak fanm viktim yo sou swaf yo, tankou asasinay Pè Jean Marie Vincent ak Jean Léopold Dominique. Eske ministè lajistis la pa gen obligasyon pou l rann kont bay sosyete a sou krim sa yo ?

Platfòm Oganizasyon Ayisyen Dwa Moun yo (POHDH) ap raple otorite yo nan pouvwa a, espesyalman Minis Jistis la, nan non dwa pou moun viv, chak Ayisyen genyen dwa pou jwenn pwoteksyon nan men Leta. Leta gen obligasyon tou pou rann jistis ak tout moun ki vikim epi pou fanmi yo jwenn reparasyon.

Sitiyasyon sa a montre aklè kòman otorite yo kontinye ap pase anba pye atik 19 manman lwa peyi a, atik 3 Deklarasyon inivèsèl dwa moun, epi atik 6.1 Pak Entènasyonal sou Dwa Sivil ak Politik la.
Nan sans sa a, POHDH ap mande yon lòt fwa ankò :

• Pou otorite lajistis yo reveye dosye asasinay pè Jean Pierre Louis a, k ap dòmi depi 11 lane ;

• Konsidere demand plizè santèn òganizasyon nan sosyete sivil la te fè ane ki sòt pase a pou te relouvri dosye asasinay Pè Ti jan an ;

• Pou Oganizasyon yo ak rès sosyete a kontinye mobilize pou fòse lajistis peyi Dayiti yo bay Pè Ti Jan jistis ak pou fanmi l jwenn reparasyon ;

• Pou otorite yo nan pouvwa a, fè efò pou retire lonb politik k ap kouvri aparèy jistis la, pandan nou ankouraje yo travay pou endepandans pouvwa jidisyè a, jan manman lwa peyi a egzije sa ;

• Pou dirijan peyi a, sispann vyole dwa moun yo, nan pase anba pye lwa peyi a, ak valè inivèsèl dwa moun li pran angajman pou l respekte devan Nasyonzini ak OEA.

Pòtoprens, 3 dawou 2009.

Antonal MORTIMÉ
Sekretè Egzekitif POHDH

[1] (SEDEP) = Sèvis Ekimenik pou Devlopman ak Edikasyon Popilè, se enstitisyon kote Ti Jan t ap travay

Jeudi 23 juillet 2009
Jean-Rabel, 22ème anniversaire du massacre

Nou t ap goumen kont kout baton, kraze zo, maspinay ak represyon makout, lame, chèf seksyon ak choukèt lawouze t ap egzèse sou nou.

Conférence de presse de Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen

TET  KOLE TI PEYIZAN AYISYEN
   #2, Rue Ligue Féminine (ansyen Premye avni Travay)
    TEL : 245-1978/771-8632
 
  E-mail : tetkolenasyonal@yahoo.fr  
                                         

                                                                    20-07-09

                                                         Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen

 Konferans de près nan okazyon 22 zyèm anivèsè masak ti peyizan Jan Rabèl ak Bochan yo, ki gen pou tèm:

Ann goumen pou refè peyi Dayiti, nan relanse agrikilti ti peyizan yo, nan rebati anviwonman an, atravè yon pwogram refòm agrè entegre.

·       23 Jiye 1987-23 jiyè 2009 sa fè 22 lane depi grandon, chèf seksyon , lame Dayiti, choukèt lawouze ak yon sektè nan legliz la te mete tèt ansanm pou yo reyalize yon gwo masak sou ti peyizan gwoupman tèt ansanm Jan Rabèl ak Bochan yo, yon jou ti peyizan Tèt kole pap janm bliye.

·       Premye me 1986 plis pase 10 mil peyizan te desann nan lari Jan Rabèl pou denonse abi, enjistis y ap sibi kòm peyizan, responasab peyi a mete deyò nan tout sevis ki genyen nan sosyete a, tankou edikasyon, sante, dlo potab, pandan y ap peye taks nan kontribisyon san konnen ki sa otorite peyi a ap regle ak lajan sa yo, evènmam sa a ta pral monte kolè grandon ki genyen nan rejiyon an. Yo asasinen 139 peyizan.

·       Kriminèl yo te mete tèt yo ansanm, yo asasinen 139 peyizan malere poutèt peyizan yo t ap reklame jistis sosyal, pou tè leta  ki te anba men grandon yo peyizan yo t ap mande pou dlo k ap gaspiye nan Twa Rivyè dwe sèvi pou awoze valè Twa Rivyè, Plèn Delab jiska Mòl Sen Nikola, kriminèl yo te asasinen peyizan yo poutèt yo t ap mande akonpayman teknik pou travay tè yo an pi bon kondisyon.

·       Kriminèl yo te reyalize masak 23 jiyė 1987 poutèt peyizan yo t ap denonse plan meriken te genyen pou peyi a depi epòk 80 yo k ap kontinye jis jounen jodia pandan y ap kontinye kenbe vant popilasyon an nan voye achte manje lòt bò dlo, ba yo sinistre pou kraze pwodiksyon nasyonal la patikilyèman pwodiksyon agrikol ti peyizan yo.

·       Kriminèl yo te òganize masak 23 jiye sou ti peyizan Jan Rabèl ak Bochan yo poutèt yo t ap mande pou leta fè rebwazman nan tèt mòn yo pou anpeche dlo pote ale ti kras tè yo nan lanmè, poutèt yo t ap reklame jistis sosyal, poutèt yo t ap mande pou tè leta ki nan men grandon vin nan men peyizan yo, pou yo travay paske atik 36 konstitisyon peyi a di tè dwe rete nan men moun k ap travay tè, olye yo fè sa yo pito ap fè konplo ak kominote entènasyonal la patikilyèman gouvènman Etazini pou plante gwo metiyen (jatrofa) sou tè yo, yon pwojè anti peyizan ki pral fini nèt agrikilti peyi a patikilyèman agrikilti ti peyizan yo. 

·       Kriminèl yo fè masak 23 jiye 1987 la paske peyizan Jan Rabèl yo t ap mande pou tè leta yo rebwase pou ti peyizan jwenn tè pou yo travay pou gen manje nan peyi a, pou grangou kaba pou pitit pèp la jwenn manje pou yo manje .

·       22 lane aprè, malgre rèl Tèt Kole ak  solidarite lot òganizasyon chak 23 jiye a ki se dat masak ti peyizan Jan Rabèl yo, peyizan yo pa janm rate okazyon pou mande jistis ak reparasyon pou viktim yo ak fanmiy viktim yo, tout prezime kriminèl  ki te reyalize masak la ap pwomennen  anba je tout otorite peyi a, responsab yo pa janm pran desizyon pou arete kriminèl yo, jije yo epi dedomaje viktim ak fanmiy yo, 22 lane aprè jistis ak refòm agrè pa menm enskri nan kaye responsab peyi a.

·       Nan okasyon 22 e anivèsè masak la Tèt Kole di gouvènman an responsab peyi a pran responsabilite l pou viktim yo ak paran viktim yo jwenn jistis ak reparasyon jan lalwa di l la pandan TèT Kole Ti peyizan Ayisyen ap tann nan men l repons sou ansanm revandikasyon say o:

1.                  Rekonèt 23 jiye kòm jounen nasyonal peyizan

2.                  Yon pwogram refòm agrè entegral

3.                  Sispann privatize antrepriz piblik yo

4.                  Pibliye lwa sou salè minimòm nan jounal  monitè, jan palmantè vote l la (200 G) la pou pèp la rale yon souf.

5.                  Pran desizyon ak responsabilite pou legalize  tout tè leta  ti peyizan okipe nan peyi a, patikilyèman nan depatman Nodwès komin : Podpè, Jan Rabèl, Mòl Sen Nikola ak Bèdeyèn .

6.                  Relanse agriklti peyi a, patikilyèman pwodiksyon agrikòl ti peyizan yo

7.                  Gen yon politik pou rezoud pwoblem anviwonman peyi a pou anpeche twòp pye bwa koupe

Ann goumen pou refè peyi a, nan relanse agrikilti ti peyizan yo, nan rebati anviwonman  an, atravè yon pwogram refòm agrè entegre.

An n kontinye batay nan inite popilè nan bon jan òganizasyon gran moun. Viv lit pèp la patikilyèman lit peyizan yo, aba jatrofa plan lanmò.

 

Pou komite ekzekitif nasyonal Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen:

Jean Baptiste Rosnel                   
 Gertha Louisama                                
Jean Jacques Henrilus